Biyorim

Biyorim

&

[Verse 1: D-Fi]
M ap pale ou de on epòk, sa k gen laj karyè m yo p ap konnen
Epòk m t ap simen rèv mwen san konnen l ta pral donnen
Epòk pi gran yo t ap bay hip hop bourad
Nan vwa Deja
Epòk nou t ap met bèl may, epòk ti monnen te ja
M pouse anba Kaz ak Lord
Yo k te aprann mwen kouplè ORS pale m de kandelam ak Baz Amò
Hip hop frape m, nan geto a m viv tout pasyon m
Pa on jou san on rim kòm si m te nan Muzion
Nan lari a drop kèk faz, pa on tèks raz
Met geto a an ekstaz, sa m tande y ap di m: yo you will be the Next Nas
M raple m lè Kaz te pastè
M raple m freestyle Bred yo
MC Klòn, Wellborn, m raple m Devastè
Rap te tout richès nou
Fason pou n vanje n sou mizè nou
Paradòks la, nou te kontan rape tristès nou
Kèk vè pou n trenke
Powèt depi sou ban lekòl
Li nòmal pou lyrics mwen distenge m
Premye sèn, premye record, depi la m konn pa m yo
Sikatris yo ret avi pou raple m konba m yo
Se te pou lapè, m t ap rape levanjil geto
Premye vèsyon mouri nan kat memwa avèk Ti Gito
R.I.P ankò, m p ap bliye janm ankourajman
Gen sipò ou bay ki gen plis valè pase lajan
Poutan gen sa k pi pwòch ki pa t menm kalkile m
Travay te met chans bò kote m, on kouplè sifi pou lavi m baskile
Fòse y admire m a chak grenn vès
Si jodi a y ap peye m pou m rap Tikris sonje a on epòk se te lenvès
Se te plis pase biatch, koule chanpay
M raple m premye son m yo te anrejistre anndan on chanm kay
Mwen m gen on pakou
2015 Paradox, 35 pase m mic
M pa konn si m te nan lakou dè gran ou nan gran lakou
M franchi etap, underground lan rekonèt mwen
Genyen menm ki te di m se fiti rap la, m te pwomèt men
Powèt Revòlte n te gen enterè lige
Se lè sa m aprann sa k makònnen moun se lide
Kèk zanmitay ki p ap dire, Rèv Ak Plim: First tape
Mas yo tonbe a chak step
Yo p ap fè ou ka kado batay pou jwenn plas ou, konba on rookie
M aprann ankese pi avanse, m se pitit Rocky
Sou do m pot chay men youn pa t rive kofre m
Refize awards hmi, m pa t la pou twofe
Fuck number one, m pa bezwen grammy pou mizik mwen
Sa satisfè m tan ke m ap viv nan kè piblik mwen
On lane aprè m residive, Bal Ou Rim grandi m
Pozisyon m klè kòm si s on pankat manif m brandi
Se ane kriz mwen tou, gen moman m pa anvi sonje
Ou ap triye vrè pami fo yo, se lè ou plonje
Evazyon pou refijye m, m wè èn menm sou katye m
Sèl God ki ka jije m, sèl lanmò ka tiye m
Karyè m pran kou, erezman Filip te la pou anpeche m met fren
Kek mwa n akouche Tempus Fugit, Mond San Refren
Se pa t plis pou kòb men pou renouvle sèman n
Ken-FS konnen ou pa t fè reskape pou ou sèlman
Sou ki ou ka konte, ou poukò w menm 100 mil fan
Team Sa Mache rap ban m on zanmi fyab
Soutni ou lè ou bite, lè m fèb ou ban m fòs
M pa janm gen dout sou, menm apre foto ou ak Boulos
Twò vrè pou game yo, pou sa m wete kò m
Byenvini nan kwonik on rapè k pa respekte nòm
Dezabiye fas on piblik, sa k fè mwàn yo se pa rad yo
M tankou real hip hop, m pa nan tele ni nan radyo
Rap se lavi m, m rape lavi m nèg
Rèv yo reyalize, premye albòm KGY
M pa t vin fè plis, rès yo se dèt, se degi
24 desanm 2019, ROD touye D-FI

[Verse 2: Ken-FS]
M sonje jan sa te ye, sonje jan la te ye
Lè w pa mache sou lòd yo di w modi sonje jan sa rele
Pa t gen pasyon aprè mizik e se te klasik
Legliz m pase tout anfans mwen e se te pratik
Ak yon ‘Père’ pou pastè yon ‘Mère femme au foyer’
M oblije ap viv nan imajinasyon m tout sa m pa ka ye
M ap gad mond lan de lwen yo di m pa mete pye
Men gade kreve anvi m pou yon fwa sa pa kreve je
M pa t konprann pouki wi pouki yo te ban m pinga sa
Se pa tout moun mond lan ka pouri vre m vle n konn istwa sa
M pa chwazi demen m men m fèt ak on kouraj
On dirait k te konn vi m t ap konn tanpèt, lapli l tap konn loraj
Tout sousi m a lepòk se te parèt bon devan papa
Men respè a se pa t parèt bon se te parèt gran
Byen ta m vin wè se te nesesè e m te rete kwè
Nenpòt erè m tap chwazi kap mwen e’m te rete prè (pou sa)
Nan menm moman mond entèdi a te gen rap
2 grenn studio e chak lè Mc kwaze te gen frap
Klan tap monte nan tout kwen e anpil non t ap sonnen fò
Te gen real konsa gen krizokal ki te sonnen lò
Hip hop antre lakay nou ti Nèg andeyò ap fè street yo
Tcheke mic yo, tcheke bit, tcheke rimes tcheke style yo
M-bri te rele Sisquo li fè fake thug avan drug pa m
M te konn Jawes Wenlo, Pridan Slim avan RockFam
Wi m te la on pye nan spiritualité on pye nan neant
Se pa t bon du tout men koulyea m wè se te byenveyan
Li pa t ap fasil byen rapid pou m te g on lòt profil
M pa t twò bavard men nan ekri frè m te on jeyan
Freestyle nan jwe baskèt fè m mete vwa sou premye track mwen
Ak Zoecrane Wòklò Cmv se te premye baz mwen
Kibò w lekòl, epòk yo t ap konpare m a Gray
Wi m s on nouvo ne byen vit yo te renmen jan’m trete rap mwen
Sa pa t ret la, e an kachèt m fè campus
San mande m plis inivèsite rap la te banm bous
Menm pat ka viv li, m pat ka ni fè street ni fè pwogram
Poutan deja pou rap Pòdpè m te gent on do d’âne
Tan ap pase si vit, fè m pa wè bay yo ap chanje
Fanmi m brize aprè lanmò manman m vi m vin andanje
On matant pran m a 2 bwa l paske m te sou wout pèdi a
Yon vivan k ap cheche lanmò l jous paske l te pè vi a
Mèsi Taty Manotte wi pou sa ou pat pèmèt mwen
Aprè manman m se sèl bò kot moun m te jwen tolerans
Tout sak te akonpanye m m pa kwè map fin peye dèt mwen
Swiye je m pou m pa t wè demen selman non move sans
Nan rap m antre tout kò m koulyea
M te jwenn apèl 2zafi nou te kreye Zoemeks avan kite horizon hustle
Nou t ap bif très hardcore n te anndan game nan
Men sa pa t pran tan pou divizyon t antre nan band nan
M te kanpe solo ak on demo m fè grande première a
Yon bif a Fede epòk m t ap batay pou meyè a
Nou make tan sa, an pasan respè pou ou Mc
M paka pale de karyè m pou non w pa site e menm si
M pa t sou bon pant lan nan lari a ak sa m tap remèt
Men m pa t janm panse se te anndan selil prizon m tap al refèt
16 mwa la banm plus ke 10 an d eksperyans pou deyò a
M sòti ak on sèvo m konnen ki t ap al bat rekò sa
Plan d’attak te mixe se t on Classic ak kote hard cord
M prezante m bay piblik la gen sa kite wè m tap bat kò m
Reskape a vin idantite m, kek moun anplis vin konnen m
Plus fier que jamais koulyea tout kote non m ap lonmen
Si n rakonte w tout sa e pou w ka ekri pa w
Dèfwa desten ka mennen w men dèfwa tou fò w ekri pa w
Jan ou vle’l la, e tout sa’m genyen pou nou kòm souhait
Si w gad atè ou kase pye w leve Tèt ou pou’w wè