Tankou w

Tankou w

&

[Verse 1:D-Fi]
Padon si m desevwa ou, poze kèk zak ki pa nan gou w
Pa bliye kouraj mwen egal ak lachte m, m son moun tankou w
Ak on kote frajil ke m rape
Pa pran m pou sen, emosyon m mennen m so a nenpòt ki moman m ka derape
Pa pran m pou modèl, sa twò lou pou zepòl mwen
Pa pran m pou prof, m pa gen lejitimite pou m fè lekòl menn
M pa on gran, m jis ap aprann grandi
M pa on ewo, rap ak Esther k sove m, m te ka bandi
Pa pran m pou gid, dayè m pa menm konn chimen an
M riske plonje nan vid pou sa m pè pou pa suiv mwen an
M pa menm ka lave peche m yo, di m ki leson m ka dikte ou
Di ou pa touche dwòg la pandan m on ansyen adikte
Pa di m move mesaje konn pot bon mesaj
E si yo ban m on kalòt konbyen nan nou k ap swete m ret saj
Li sifi on sèl betiz pou tout karyè m pase pou anak
Bref.. kenbe diyite m se konba a, menm jan ak Nakk

[Refren]
M se on moun tankou ou, ni pi mal ni meyè
Milye folowèz mwen yo pa fè m santi m siperyè
Tankou ou m konn tonbe e se mizik la ki pare m
M se on moun tankou, se jis on sèn ki separe n

[Verse 2: KenFS]
Sa ka rive’m enflyanse’w menm pa ewo m se yon moun tankou’w
M jous rape lavi’m ki sanble a pa’w petèt
Nou wè’n nan mwen men se pa on rezon sa ka rive’m nan gou’w
Ou style mwen, jan’m rap ce bien, m selman pa vle’n regrèt
Nou pa konn ki pwa’n met sou do’m lè’m konnen’n la
Ap swiv mwen, lé’m konnen’m ret nan lespri’n fè’m konnen m wa
Nou pa konn ki lit map fè chak jou jous pa kontredi’m
Viv pou Nou, fè sa’m di souvan e pa sa’m te konte di
M vle’n ret kwè a nenpòt kel moman m ka déçu‘n
Nou se l’homme nou gen bon ak vye kote donc par mesure
De precaution m fè’n konn sa m pwouve onètete’m tou
Men se pa pou nenpòt erè pou’n ta chwazi jete’m tou
Mesi pou lanmou’n m te di’n map batay pou kenbe
Pou konsèy yo map kontinye naje tou pou’m pa plonje
Menm pa pwomèt anyen m gen responsabilité
Ki ka pouse’m men map fè gwo efò pou’m pa tonbe

[Refren]
M se on moun tankou ou, ni pi mal ni meyè
Milye folowèz mwen yo pa fè m santi m siperyè
Tankou ou m konn tonbe e se mizik la ki pare m
M se on moun tankou, se jis on sèn ki separe n