Ti Mari

Ti Mari

&

[Verse 1: KenFS]
Fèt e leve nan on fanmi pòv rèv yo vin bonè
Se nòmal pou’l anvi grandi, partir a l’aventure fè pwogrè
Talan la sou sèn nan wap gad on etwal non sa pa Mari
Li chante byen li bèl li gen bèl fòm son kado lavi
Li trè devwe on dirait’l fèt pou sa lap fè a
Wi li sansib pou karyè’l sa vin fè’l fèb pou sa lap fè a
Chante se tout lavi’l ou pap tande’l Frè pou’w pa kriye
Pa gen on men’k pou ta kenbe’l fèb ou fò pou’l pat briye
Kek kontak tonbe randevou’k pran yo etone’l
Se bagay li paka rakonte moun pou sa yap pwopoze’l
Talan’l pa sifi prensip yo insignifiant
Menm pou on feat yo mande kouche’l wi wout sa chaje pikan
Li tonbe’l leve, Li pran manti kou moun sòt
Li naïve, yo jwe’l, e yo bal espwa de tout sorte
5 ans aprè, ou wè machann sa se ti mari
Vwa toujou la men’l chante selman pou fè pitit li dòmi

[Verse 2: D-Fi]
Vle briye, gen on non kou Felisya Dèl ou Ross
Men pou yo l pa gen dwa reve, li la sèlman pou gwòs
Jèn, on vwa inik, en fait twòp talan pou l te vann
Men se pa bèl vwa k ap ba l on gran karyè men pito devan l
Enplore on Bondje k p ap tande l
Sa pa gade yo si vwa l fè yo fremi
Yo jis vle matyè k pou fè yo bande
Mande l sa l pa genyen, krache sou sa l genyen
Sou nèt la, moun k ap ba ou like la pa souvan renmenw
Se biznis lan, se pa mizik men kò ou k ap ba ou degouden
Enpòtan an se pa konn chante men se gouye byen
Bay plezi je
Anchene relasyon seksyèl pou kontwovès, anchene sextape se tout sa y ekzije l
Tounen on chif, chak jou rèv li al pi lwen l
Li pa rive fè gran karyè sinon on karyè piten
Reyisit ba l poto
Yo pa vin diva lè ou gen sèlman albòm foto

[Outro]
Nou tout gen gran rèv, men nou tout p ap gen gran karyè
E pou Timari l pi tris, li gen 2 fwa plis baryè
Se sistèm nan k kanalize echèk li se pa devenn
Sa se etwal yo touye, li pa etenn