Relè

Relè

&

[Verse 1]
Pitit mikwo a, se melodi sa k bèse m
Tankou nou tout m te fan, m pa t gen swaf pèse

Rap kòm enfliyans
Kanal pou fè pase vwa n, m konprann sa
Lè Masters t ap mande on ti chans

Viv hip hop, lè anpil te di se jis yon mòd
Nan kas pi gran yo m konn ORS ak Million Corde

M gen pou m mèt de seremoni
Li te klè, devan glas la, m te plis mic ke money

Se te pasyon m, m pa gen lòt vi apre sa
M pa grandi ak party and bullshit men ak Fonta Fiesta
Krazy like dead m pran plezi nan pwezi rap rèd
Pran mikwo a boule sa, te dezi chak nèg

Tout sa nan pakou a
Rape vi nèg, Mystik 703 montre m gen granmoun nan lakou a

M te gen rap kòm gid, lè m pa t ka ouvè liv
Ou te dwe koutе Me-Stair pou konn jan m vle viv

Yeah fòk m di ou, avan m fè rap, rap fè m
Crazy BC dеpi ban m afè m
Rock fam montre m beef ka pote
Gen on milyon fason pou apwoche rap e se la tout bote l

On panse pou K-Tafal, Dade, Dejavoo
Pa pale m de flow, Bon an mouri deja tou

Yeah m renmen rap konsa
Avan mond yo a Trajik te gentan louvri je m sou mond sa

Mwen m akwo depi lè m goute l
Rap se tout vi m, lè m pa p fè l, m pèdi nan koute l
Sa yo plis jwe nan kas mwen ke festival
Règ nimewo 1, idòl yo pa dwe janm tounen rival

Rest in peace Jimmy, Izi
Nou alonje now, m swete n jwenn bonè n nan vwa Tchak Izili

On panse pou Spanish, Iyoudi, Sistah Killa
M malad kite m geri m ak Doc ke m feel la

[Refren]
Avan m fè rap, rap fè m
Pran nan men sa l te la avan, kite pou sa k ap vin aprè m
Nou jwenn suiv nou, booknanm
Goumen pa sa ou kwè
N kite Rhod, Reskape, KGY, Plus fier que jamais

[Verse 2]
M pa pantan sou mizik m te e m still fanatik
Gen son k mache nan san m gen pou lòt m te maladif
Sak te make m yo e m tande yo kounya k ban m nostalji
Gen sa m pran san m tou tande elas sou mwen ki pa aji
Men tout moun fè sa yo kapab m te renmen tandans lan
M te wè m tou piti la pou antre m pat pran chans lan
Tande tout rap, men tout rap pa fè efè sou mwen
Gen sa m anbwase k ale k kite regrè pou mwen
Gen pou sa m bat bravo selman e pou odas yo
Sa lè pou reprezante pou rap ki pap rate on okaz yo
Men Magik click Mystik e te gwoup rap prefere m
M te tou vin adikte pou fè plas m t ap debleye m
Rockfam a barikad
Mèsi lari a si lakay ou te gen Rock lakay pa m e te barikad
Papa w pastè banm playlist ou non nan kay la
Si m pa sòti m p ap tande rap sa e pa t janm chay la
Konn Rgm aprè map rap ki pot twoke a
Baz a mò bay leson daprè w kiyès n ap bay twofe a
Kanpe nan lari sèlman pou tande on live show
Ou p ap konprann si rap frape w pandan w nan laj yo
Ak Hot party epidemi anvayi m
Pòtpe gen Nèg sikilasyon bloke lè yo pran lari
Epòk Tchakidenn, Ja X m pa detounen w
Vize byen lwen on siksè ki t anba 2 tounen w
Sou Tèt nou chak gon kouwòn nou merite respè mesye
E nou k fè sa k pi di a nou se ekspè mesye
Soldat, 2 Trace, Don Maso Super James
Lavi Nèg anba ouais mec se ak regrè mesye
M ekri verse sa pran l pou on gwo big up
Nou toujou voye je sou rap la pou fè l ret straight up
Reste pou Jhonny style
Ki still ap fight
Ki kenbe nivo a e tout sa m pa site yo man word up

[Refren]
Avan m fè rap, rap fè m
Pran nan men sa l te la avan, kite pou sa k ap vin aprè m
Nou jwenn suiv nou, booknanm
Goumen pa sa ou kwè
N kite Rhod, Reskape, KGY, Plus fier que jamais