Rèv yo

Rèv yo

&

[Verse 1: KenFS]
Mal dòmi depi lontan men m toujou fè bon rèv
Ka di’m pa gen merit men devan lavi m toujou fè bon prèv
E Si batay mwen yo pa sifi pou’w reyalize’l
Se ou, bon di’m sa’m dwe bay kap sifi pou’w legalize’l
Brize on pati nan vi’m, pou bati on demen
M vini moun yo banm gwo lanmè m pati an reken
Plante rèv yo lannwit lè’l jou solèy griye yo
Gen etwal anba dlo a lè’l fè nwa wap wè briye yo
M pa reve pou tout moun
M limite m son mòtèl man
Men si nanm mwen dwe pati pou sa m pa reve kou tout moun
Mirak, m konnen’w ka dòmi cheni ou
Leve papiyon klè siw son jeni’w gon foli
Pandan’m pa inyore sa ki wè’l nan mwen yo
M pat kesyone pou defèt siw vle konn pou kisa’l ban mwen yo
M dòmi pou repoze’m koulyea m reve pou Hannah
M reve pou yon bon père de famille map reve pou papa

[Verse 2: D-Fi]
Rèv yo gen pri
Se a baz sakrifis atis tris, plen atifis
San pasyon pa gen vi
Lalin gide pa m pandan nuit la pot konsèy yo
Sou treto yo m te gentan ap reve gwo konsè yo
Ouais, rèv yo kite koridò yo pran gran ri
Yo di m ap mouri on jou, kidonk m al viv nan nuit
Rèv pa konn twò gran, jis on plim pou soutni m
M wè pi gwo desepsyon m yo tounen pi bèl souvni m
Talan an la, raj ak swe m sèlman k la pou finanse l
Forever young, on Jay Z san Beyonce
Konstui on bagay apati anyen
M t ap panse ak posede on fou lè lòt t ap panse ak on pen
Fòse desten m, hasta la victoria
M sonje jou m te konn ap reve sa m ap viv jodi a
M viv rèv mwen yo, li nòmal pou lavi m fè ou reve
Pitit lalin, lè solèy ap kouche mwen m fèk leve