Vise Vèsa

Vise Vèsa

&

[Verse 1: KenFS]
Mèsi papa Mèsi pou pwoteksyon’w m te kwè si
Se pat ou menm m tap trennen ou banm 2 rapè sexy
Yo bay love yo bay Plezi, yon lòt vibe lòt pwezi
Rap mouri viv rap, tout sak pat vle wè’m koulyea fin krezi
Se ak kè kontan’m tande’m nan tout baz nan tout peyi a
M’antre nan tout kay se pa avè’m granmoun ap veye’w la
Gen youn ki di’m ‘sove vi’l’ lòt di sa’m fè de li
Poutan se youn ki sove vi’m e lòt la menm m fyè de li
Rele yo espwa
2 album sa yo Rod over D-Fi, Plus Fier Que Jamais rele yo eksplwa
Classic eksplwa basique istwa
Se sa yo souvan rakonte yon taktik dе chwa
Ki mache jouskisi m pa pile pwason lè’m sou do yo
Lòt tandans mèt tounen tanpèt m najе byen lè’m sou dlo yo
Yea m toun’on vrè klass pou anseye
Yea m toun’on vrè baz pou konseye

[Refren]
Mèsi Rap, pozisyon n fè avèg nan jungle lan
Pa konn si se matirite’n pa konn si se brain nan
Mèsi KenFs D-Fi nou kraze dout mwen
Mesi Pòdpè Castro pou Nèg sa yo’n mete sou wout mwen

[Verse 2: D-Fi]
Gad sa ou fè de nou
Nou soti lwen, men ou mennen n pi lwen toujou
Pòdpè, site Castro fyè de nou
Kwonik 2 Reskape, w te la lè pa t gen pèsòn ankò
Ou soutni nan prizon, ou wete n nan koulwa lanmò
Ou pa ba n fan, nou fè moun, menm si se kèk grenn
Chanje fason yo wè n, pase de kèlkonk a kèlkun
E menm lè yo te di nan vi n nou pa t ap janm anyen
Pa t koute presyon lavi, ou fè yo pa t al jwenn nou titanyen
Ou ba vi n sans, fè n jwen rezon nan foli n
Limyè djaye, nou jwenn vrè kriye nan mitan fo ri
Gen sa ki te rayi avan, jodi a ki vin fàn
Nan mitan ipokrizi yo ou ban n kèk zanmi fyab
Zanmitay! Pou janbe tou yo ou te sèvi n pon
Pou touye ego lakay nou ou te sèvi n plon
Lè n te di mizik sove vi n, gen sa k te di n blag
M ap di ou, nou chanje ou e ou chanje lavi n back