Suisid

Suisid

&

[Verse 1: KenFS]
Yè la ankò map panse a sa kijan sa ap fini
Se ki fòm tou sa gen pou pran e kijan sa ap vini
Men si’m baze sou sa’m konstwi tout sak depan de mwen
Tout efò ke’m deplwaye dim non sa tou kijan’w feel li
M vin a pozisyon’m kek pwòch ede’m kenbe’l
Yo te konprann mwen twò vit lavi’m kek pwòch ede’m tente’l
Pye’m teke’m bite’m tonbe m leve’m kanpe ankò
M fè respè’m deja koulyea’m pa pè danje ankò
Ou ka toujou frape sou mwen eseye fòs ou
Bay tout sa’w gеnyen pa enkyetе’w frè dechaje stock ou
Men’w pap ka detwi’m peu importe sa’w ta fè a
Sim te la pou menm but avè’w m tap sa’w tap pè a
M fè chemen’m jan lide’m di’m piblik mwen an pouswiv mwen
M jwenn love dèfwa ki freeze mwen
Sak montre’m appreciation yo, m kenbe plume pou nou
Karyè sa e nouk bati’l map rete mine pou nou
Wi se vre m pap fè tout vi’m ak on micro nan men
Men se mwen kap chwazi ni lè ni tan e kòman
M gen pou’m fè silans men e pa pèsòn kap pot mizo ban mwen
M te vle’n konn sa pou mwen se enpòtan
Nenpot jan’l ye nou tap vole pil ou fas malgre dout
Chwazi espas mwen syèl la laj li gen plas pou nou tout
Malgré vizyon an se abite’l
Tounon etwal menm pandan’w pami yo e lè’w bay do syè’l la abrite’l
Anyen pa etone’m jan youssoupha di’l
M fè moun kontan m fè moun kriye m bay moun fòs ak espwa
M viv siksè’m, m viv rèv ak tout eksplwa’m
Briye tank’on etwal jan Booba te ka dil
Karyè sa ladan’l se mwen’k gen dwa met point
Kou Dfi, map fè on track pou sa’m pap bezwen refren
Suisid se pa lach e mond sa’k pa fèt pou mwen
Lage pye’m on kote k pi vas yow la twò restreint

[Verse 2: D-Fi]
M pa t bezwen favè w, koman pou ta bòykote m
San sponsò nan do m, san atis ki gen hit bò kote m
M t ap batay, rezon k fè m pa t janm nan game
M te twò lisid pou m kite yo pran m pou panten
Sou beton an m pouse kont tout atant
Granmoun avan lè m, a 17 an m t ap rap kòm si m te gen 40
Monte chodyè lakay mwen, m pa tann rès ka vwazin
M se on nèg ak tout atitid li, so pran sa san vazlin
Rap di m chwa m yo ap detui m
Se bal dwòg sèks
Se pa ak tèks kou levanjil geto m ap sedui l
M rape sa m konnen, istwa m limite ak Castro
Donk yo di m sa p ap rive pi lwen pase ponp gaz yo
Fuck rap mizojin yo a, se pa sa k ap fè m viril
M t ap panse ak ale m, pandan lòt te kwè m fenk vini
La m pa t vin fè matyè sale, pi pwovokan a chak vès m lage
Nèg lage nan varyete, mwen se kont tandans lan chak tèks ale
E paske pa gen bwase ren, donk yo p ap book mwen
Toujou fidèl a mwen menm
Albòm mwen stil pa gen zouk men
Se mancho k t ap ban m kout men
Pati pou echwe ou a konprann pouki n selebre chak ekout man
Pèdi nan on ilizyon
M wè se nèg ki pwoklame yo pi hip hop yo k t ap alimante divizyon n
Ban m clash
Fuck Hit
Mwen se back to back klasik nan epòk rap bay on bann trash
Depi premye rim mwen Pozisyon m fikse baryè m
Fuck da sistèm a chak son, m riske karyè m
Kòm si sou tanp mwen gen on bereta
Di l bonjou ou pa djab la ap manje ou, so gèt manman leta
M vin nan rap, m pran chimen kontrè yo
Pou defini siksè, se chif ki rezilta konkrè yo
Dediksyon ou pa ka touye mizik mwen
Se mwen e mwen sèl ki jèm destriksyon l