Pwomès

Pwomès

&

[Verse 1: KenFS]
Pati kite'n se pa anvi rete ak chanje
Se pa lanmou, okontrè se li’k vle mete sa'k manke
Otan de fwa'm pi lwen’n e pi pre'n kè'm ap avanse
M pa gen kòb non men m gen on santiman'k paka machande
Nap konn sak lavi donc m pa la'n paka evite'l
Nou se pitit manman'n soufrans nou pat ka pa eritye'l
Si’m pa deside pran nouvèl nou e paske’m poko prè pou sa
M vle avanse ak lapè, e'm panse gen on lè pou sa
Donk kenbe chè sè pwomès lan la pou’m pwouve'l
Tan separe'n, e avèk menm tan sa on jou nap retwouve'n
Malgre’n te prese sa pat anpeche lavi double'n
M gon mesaj pou nou wi m selman swete'n koute'm
Rete nan calme nou priye otan de fwa'n kapab
Pa fòse anyen bat pou'n fon kanpe sou fo pa yo
Renmen moun ki renmen'n tou fè 10 panse sou chwa yo
Avanse map vin kontre'n pa pran espwa menm nan men papa'n

[Verse 2: D-Fi]
Pa enkyete ou m ap jwenn chimen m, en fait m ap debwouye m
Prensip ou ban m ap sèvi m flach lè fòs fè nwa vle bwouye m
Menm si m ale lwen, on jou m ap tounen ou se pye bannann
Se toujou kwonik on tinèg ki pati pou te rann manman l
Fyè menm san met kò l, pou on bon koz dlo a koule nan je ou
Fè l menm san lekòl, on jou m ap responsab manje ou
M p ap kite ou sakrifye lavi ou ankò
Si bourik fè pitit pou do l poze, m p ap kite ou desann lavil ankò
M ap grandi, se pou mizik la m nan lari a, m p ap bandi
M ap mennen rèv mwen jouk nan bout li menm si anyen pa garanti
M ap kenbe bonte m, menm si nan mond yo se mal ki prime
M konn fòm demon yo ka pran, m p ap kite yo manipile m
M pa t mennen bak mwen byen, se nan dlo je ou m te nwaye
M ap fè jefò, e si lanmò pran devan, lavi a temwanye
Kite on plas kèw pou mwen
Absans mwen ap trè prezan
Men m ap tounen pou kouwone ou
Pwomès on tinèg trèzan