MORT NÉ

MORT-NÉ

Couplet Unique

  • Ayiti detwi lavi m Men beni swa paran k’ te try ban mwen l Franchman m pa wè anyen m te ka repwoche n M vini, m sibi, m aprann , now se lè pou m leave Sa’k pwòch yo, moman an rive, dezakwoche n. Anbriyon, si m te ka prevwa lavni, m tap pann mwen nan on branch trip. Sa’k fè papa m pat livre m nan on pip?! M pa wè itilite m sou tè a Paske m mouri menm jou m fèt la frè Nanm mwen disparèt se kò m k ap trip M bouke fè disip mansonj Pa konte sou mwen pou anplifikasyon l Salut! J’me présente: M se prèv egzistans zonbifikasyon. Aprann de lanmò m pou w bay lavi swen Lanfè m asire, m mouri mò ayisyen Depi 26 Septanb 94 Sou Raoul Cedras! Mèsi !
  • Mèsi Aristide! Mèsi Preval! Mèsi Boni, face de rat! Mèsi Martelly, Privert Fuck Jovenel Moïse! Avan w mouri m swete w pran vè Nou fè de egzistans mwen yon farce Bonè mouri avan m konnen l M paka pot okenn fruit M pouri avan m donnen So l klè, fòk m te echwe à tout prix Sistèm nan manje m tou kri Siksè ban m poto, l’ kouri avan m konyen l M espere vin kriyèl si m manje nich gèp M anvi vomi! S’on fason pou m di w m sot wè André Michel Si w bezwen konn jan pou w transfòme chantè an prezidan, koriptè, dealer dwòg, oubyen vòlè, mande Michel Nèg yo pran lavi m twò bonè, m pa menm gentan rele M fèt tou zonbifye, m pa menm gentan reve Wè solèy s’on defi m pat menm gentan leve Lavi s’on fanm
  • vyèj ke m pa menm gentan kreve Ou pa gen nasyonalite Lè se ayiti w fèt, ou jis gen malediksyonalite Pandan w ap naje pou w sòti, y ap bat pou mare pye w nan dlo W antre nan konba pou yo, se yo k ap lage kou nan do w Nenpòt jan w wè w byen la a ou te ka pi byen ke sa Men nenpòt jan w wè w mal, ou pa fouti pi mal ke sa M viktim de orijin mwen M s’on ka pèdi davans M pat gen lòt chwa ke echwe, donk sepa yon kesyon de malchans La a pa yon peyi La a s’on simetyè Nasyon an ap peri Leta ap simen gè M paka repoze an pè paske m mouri trakase Mom, èske w tande m ? Men avni m ap pase Oh no! Sa’k pou sèvi pwoteje Yo k’ vin ap ze-kra brize Paske pou finanse sepa yo menm ke leta vize Ensekirite rèd! Nou
  • konplètman destabilize Bal ap chante patou, menm lakay ou w pa sekirize Ou pa menm ka envesti bò isit paske Nèg ak zam ap vin nan biznis ou, brase w Jèn konpetan k ap chèche lavi, lase Pou lòt lèl, koz la a pa gen chemen pou l pase Ki avni posib pou yon peyi k’ap pèdi jèn li ? Pa gen « Perle Des Antilles » ankò, now se «Mangeur D’ Génies » Gen rele, pa gen reponn Gen monte, pa gen desann Gen Janvye, pa gen Desanb Se lanmò k’ap jemi Yon Dwèt majè spesyal pou chak minis de chak gouvènman Pou chak santim yo vòlè, pou chak chèk zonbi, chak kontrebann Fèmen sèkèy mwen, antere m san remò Si se sa k’ lavi a, yo bay manti sou lanmò