1+1=2

1+1=2

&

[Verse 1: KenFS]
M vin pale’w de pè pale’w de rezistans thug man
Tous pou 2, 2 pou 1 rézistans love man
Powèt depi sou ban lekòl
Revòlte d’pi nan zantray
Solid kou poto fè wi’n konn ekzistans chòk man
Gen lòt kap fòse nou sa’n genyen a e sa ki don
Sèlman vizyon yo twò gran pou’n te redwi’n a sak pi bon
Yo panse fè’l ego’n pa touché a 10%
Malgre yo wè’n kenbe ekilib la men sa yo di souvan
Oh D-Fi pa konn rap KenFS pi fò pase misye
Men pou mwen D-Fi se fucking legende generation’m nan
Nan rap D-Fi king D-Fi this D-Fi Nation
Nou konn point’d vue’m koulyea, pe la dosye klase mesyе
Royaume nan pataje menm si’n pa gеn menm koulwa
Nou ka pa gen menm aderan men kwè’m nou gen menm pouvwa
Nap regné konsa et ceci pou kèk tan ankò
1+1 egal 2 wa vin jape’n siw ret kèk dan ankò

[Verse 2: D-Fi]
A chak mc istwa l
Gen plas pou nou tout
Fuck top yo
A chak fanatik lis pa l
Ou vle konnen, apre Kendy m pa gen lòt îcone
Ti nèg pòdpè a, reskape a jodi a ki vin GOAT
M grandi nan on epòk ki
Detui art pou glorifye ridikil san m pa ofanse Pòlki
Men Gen twòp vid
M p ap suiv kouran an, yo di m
C'est en faisant n'importe quoi qu'on devient n'importe qui
M ret entèg nèg
Men m wè lòt vle etenn frè l
Nan vye bif jis pou fè plezi a entènèt
Hit pa etènèl klasik shit Ken Def
Fuck game yo a n pa respekte kenn règ
Pa klase m, m gen on pye m nan chak school yo
Si ou ap rakonte istwa m se pou di m te pase kaka sou yo
Chak mc gen kalib pa li, bay seza sa ki pa li
Nou ba ou on remake Mos Def and Talib Kweli